Malad

-

Kai

  • TextText file is a kind of computer file that is structured as a sequence of lines of electronic text.
  • WordUse for Microsoft Office Word or Open Office
  • PDFUse for Abobe Acrobat

Malad - Kai Lyrics


Eya a eya eya aMwen pa bezwen ale lopital
Pou mwen konnen kijan mwen ye
Mwen pa bezwen ale lopital
Pou doktè di m ke sa va mal
M'annik gade nan je'w mwen wè malè
Pou sa mwen sakrifye pou'w ka avè'm
Si chak jou'm lapriyè
Chak jou'm woule chaplè
Chak jou'm limen balèn
Pou'm ka wè klè
E m'ap toujou
Malad
Mwen pa'p janm geri
Menm si ou renmen mwen
Mwen konnen'w renmen'l tou
Malad
Mwen pa'p janm geri
Wavè mwen jodia
Ou te avè'l yèswaChante
Eya a eya eya aMwen pa bezwen ale kay gangan
Pou mwen konnen
Ke mwen pa byen
Mwen pa bezwen tranpe pye'm nan dlo Pou lwa yo di'm ke mwen nan cho
Piga'w fòse'm vale remèd bliye
M'eseye konbyen fwa sa pa mache
Medikaman'm se ou, menm si doulè'm se ou
Menm si'm soufri chak jou, m'pap janm lage
E m'ap toujou
Malad
Mwen pa'p janm geri
Menm si ou renmen mwen
Mwen konnen'w renmen'l tou
Malad
Mwen p'ap janm geri
W'avè mwen jodia
Ou te avè'l yèswa
Malad
Mwen pap janm geri
M'ap kontinye soufri
Renmen'w se maladi'mSa se yon lòt kay
Nou f'on lòt bagay
Ti Claude nou pa fè fo mouvman
Nou fon lòt mouvmanPa vle konsiltasyon
Pa vle konsiltasyonPike pike'm nan tout kò'm
Mwen bezwen sewòm sa menm si ou fè'm malad
Pike pike'm nan tout kò'm
Mwen bezwen sewòm sa menm si ou fè'm malad
Pike pike'm nan tout kò'm
Mwen bezwen sewòmPa vle konsiltasyon
Cheri
Pa vle konsiltasyonE m'ap toujou
Malad
Mwen pa'p janm geri
Menm si ou renmen mwen
Mwen konnen'w renmen'l tou
Malad
Mwen p'ap janm geri
W'avè mwen jodia
Ou te avè'l yèswa
Malad
Mwen pap janm geri
M'ap kontinye soufri
Renmen'w se maladi'm

Malad lyrics !!!